An reyalite, lontan lè yon moun te konn swete moun “meyè ve” oswa “bòn ane” sa ta ka gen yon sans. Souvan se savwa viv ansanm ak règ bòn manyè yo ki te konn oblije moun fè sa ak moun ki pwòch yo.
Men jodia, moun yo tèlman vin ensanse, san reflechi, san lanmou, e ipokrit, bagay sa yo vin pa gen sans ankò. M gen enpresyon menm moun ki mouri nan fen ane a, resevwa mesaj meyè ak bòn ane tou swa sou telefòn yo, swa rezo sosyal yo. Defwa, lè yon moun swete w meyè ve oswa bòn ane ou santi se nan betiz lap pase w, oubyen l jis swete w menm kochman w sot jwenn nan ane ki sot pase a.
Imajine! Moun ki swadizan zanmi w, swa w nan kontak li oubyen l pa menm konnenw. Li pa menm konnen kisa w regle pou ane. Li pa menm konnen si w pa nan koma. Li oze voye mesaj meyè ve ak bòn ane ba ou. En! Koman w wè sa?
Yè, premye jou nan ane a, m fe nwit la lopital ak yon zanmi ponyèt pitit li te kase. M fè eksprè m pran yon ti foto pandan m chita lopital la mete l sou stati m ak yon ti komante ki di jounen an mal fini pou mwen.
Pami tout moun ki tap voye diw bone ane e ki wè stati w, youn pa ekri pou mande w sa w genyen. Kounyea, kesyon an: nan tout moun sa yo kiyes ki te vrèman vlew pase yon bòn ane???
Zanmi m yo ki se lanmou ak bon relasyon m gen avè yo ki fe yo fe m swe. M di nou tout mèsi. Mpa swete w bòn ane paske pandan 365/366 jou yo mrete solidè avè nou. Se prèv ke m renmen nou. M plis asire m ke chak aksyon w fè chak jou se yon blòk anplis ou poze pou konstwi avni w.
Men ti konsèy m pote pou nou pou ane 2020 an:
- Revize objektif ou yo
- Fè bilan ane ki sot pase a, gade kote w ye nan objektif ou yo
- Pran rezolisyon pou nouvèl ane a
- Fè yon plan aksyon pou ka reyalize objektif ki pat reyalize yo yon fason pou ane sa ka diferan
- Fè netwayaj nan lis zanmi w yo, debarase w ak zanmi ki pa pwodiktif yo, kenbe sila yo kap edew vanse nan rèv ou yo
- Pa met espwa w nan moun, konte sou Jewava pito li menm ki toupisan, paske moun yo gen menm pwob ak menm bezwen avè w.
- Pa fè moun konfyans depase limit pou pa desi.
- Pa atann anyen nan men moun, tout saw w vle reyalize travay di pou sa.
- Pa jamm pwomèt moun, ni pa fòse moun fè w pwomès paske nou pa Bondye.
- Fè efò pou rete ekilibre, pran detant, pran ti plezi, toujou gade souri sou vizaj ou menm lè lavi a ap baw dan di.
- Pran detèminasyon pou ane pote nouvo bon zanmi pou ranplase saw pral retire yo.
- Nan lanmou, fè efò pou sensè e onèt ak mennaj ou, se pou youn di lòt laverite.
- Fe efò, kenbe kè menm le l pa fasil pou fe yon ti ekonomi an plis ane sa.
Si m ta pran di nou m pa tap janm fini, lot zanmi ki gen bagay pozitif ak bon sijesyon ki pataje ak nou lè yo like, pataje ak komante anba atik sa. Mèsi
Bon siksè a tout moun.