COVID-19 : Rapèl – Kisa w dwe konnen sou Kowonaviris la?

#COVID-19 oubyen Nouvo Kowonaviris se yon maladi a kowonaviris 2019 (#COVID-19). Premye kote li fè apirisyon l se an Chin, nan vil Wuhan jou ki te 31 desanm 2019. Se sak fè yo rele l COVID-19 oswa Kowonaviris 2019.

Se yon maladi lè ou genyen l li baw yon fyèv ki fo anpil e yon tous ki sèch. Li ka menm baw yon gro tèt fè mal e menm opresyon. Lè w gen tout sentom sa yo li ka vin baw yon enfeksyon  respiratwa. 

Siw pa pran swen, ke w merite, Pita li pral gen yon detrès respiratwa, soud e ensifizans renal. depi yon moun rive nan nivo sa li ka mouri. 

Kantite tan viris la fè sou kèk sifas

  • sou lajan viris la ka dire 4è a 24èdtan. 
  • Sou katon 24è e 
  • sou plastik 2 a 3 jou. 
  • Sou fe li fe 12edtan

Daprè yon etid OMS ak gouvènman chinwa fe, 2.4% ka yo resanse se timoun. E maladi a pa gen twò gwo efè sou timoun yo. Men timoun ki enfekte yo ka transmèt bay moun ki aje e ki fragil.

Aktyèlman, maladi sa deja pwopaje nan plis pa 193 peyi nan monn nan. 

  • Kantite moun nan monn lan ki gen maladi a: 372,634 
  • Kantite moun ki mouri: 16,314 
  • Kantite moun yo trete: 101,373.

An Ayiti, yo deja anrejistre 5 ka e gen plis pase 104 ka sispèk ke yap obsève. Kidonk, li vin trè enpòtan pou n fè prekosyon epi swiv konsiy otorite lokal yo.

Koman pou pwoteje w kont Kowonaviris

Toujou swiv règ ijèn ak konsiy sikirite otorite yo bay la: 

  • Rete lakay nou.
  • Lave men nou souvan avèk dlo pwop ak savon
  • Evite mete men nan bouch, nen ak je nou men lè yo grate n
  • Toujou bay moun 2 pa distans siw oblije pran lari pou yon ijans.
  • Pa bay moun lamen
  • Pa bo moun, 
  • Pa bay mou akolad
  • Etènye nan koud ou oswa nan yon mouchwa aprè jete l
  • Sèvi ak yon mouchwa yon sèl fwa
  • Evite tout kontak ak moun ki granmoun oswa frajil

Koman pou ranfòse sistèm defans kò w

  • domi ase, 7 a 8è pa jou, paske lè w domi ase sa pèmèt kò w jwenn ase tan pou repare tèt li e renouvle enèji w
  • byen manje, sitou manje legim ak fri an kantite tankou kiwi, frèz, kawòt, sitwon, rezen, berejèn, lay, jenjanm ak siwo myèl.
  • bay kò w solèy chak maten pandan 30 minit, wap jwenn vitamin D kap edew kont gòj femal, rim ak konjesyon nazal.
  • fe spò chak jou pandan 30 minit oswa 1èdtan
  • kenbe yon etadespri pozitif se yon bon terapi pou amelyore sistèm defans kò w. Si w strès ak panike sitèm defans ou ap vin fèb.

Tout pandan wap rete lakay ou, wap kontinye aplike prensip ijen ak sekirite otorite yo bay yo, ou ka pwofite wè kote pozitif yo tou. Tankou ou ka kontiniye devlope nouvo abitid, aprann yon bagay nouvo elatriye. Pwochen atik ap ede w sou pwen sa yo.

 

Sous ak Referans:

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Cart
Search
Home
Account
Support
Retour en haut
Retour haut de page